Mathematics and Science Fair Handbook for Parents – Creole version
2008-2009
AMPLE LETTER FOR PARENTS)
Chè paran responsab: Pitit ou ap gen opòtinite pou li fè yon pwojè ekspozisyon sou matematik ak/osinon syans. Pou m ede li, m ap ba li yon lis aktivite nan kourikoulòm nan ki kab sijere li kèk ide ak vrè fason pou fè yon pwojè. N ap ankouraje w patisipe nan pwosesis la, tou. Fè yon pwojè pou patisipe nan ekspozisyon kab rete yon eksperyans pitit ou p ap janm bliye. Ekspozisyon sou matematik ak syans la se yon veritab eksperyans nan aprann lekòl, epi devlope yon pwojè se pi bon aktivite aktivite pou ede devlope konesans elèv nan matematik ak syans. Pitit ou a ta dwe chwazi yon pwojè ki apwopriye ak nivo li. Pou ede pitit ou, ou kab ankouraje li, fè li konpliman, ba li materyèl ak konsèy li bezwen. Pitit ou a kab mande pou w mennen li nan bibliyotèk pou al fè rechèch sou sijè li te chwazi a. Tanpri, limite patisipasyon w nan pwosesis eksperimantal la sèlman, epi ankouraje pitit ou fè tèt li travay ak tire konklizyon pou kont li. Ou ta dwe mete aksan sou refleksyon matematik oswa syantifik ak fason pou rezoud pwoblèm. Ekspozisyon yo dwe kapab kanpe pou kont yo epi yo dwe fèt sou katon bristòl, playwoud osinon lòt materyèl menm jan an. Tablo estanda pou yon pwojè dwe mezire 36" x 48". Ekpozisyon yo pa dwe pi gwo pase dimansyon sa a. Tanpri, sonje gen yon seri objè ki entèdi pou mete nan tablo ekspozisyon yo tankou manje, sirèt, remèd, bèt, plant, lajan ak pwodui chimik yo. Lekòl la gen yon lis konplè atik sa yo ki entèdi a. Mwen pakab rete tann pou wè ki pwoblèm pitit ou a pral eseye rezoud! Sensèman,
Paj - 1
KÈK SIJESYON POU EDE ELÈV YO
1. Yon ekspozisyon nan matematik ak nan syans se yon veritab avanti nan domèn aprann. Pwojè w ap gen pou w reyalize a ap ede aprann fason pou reflechi matematikman ak syantifikman. 2. W ap gen pou w aprann pouki sa ak pou ki rezon yon evènman kèlkonk kab rive. SE PA NI YON PWOJÈ ATISTIK, NI YON PWOJÈ KONSTRIKSYON. 3. Chwazi yon sijè ki enterese w – yon sijè ou ta renmen aprann plis sou li. 4. Pwojè w ap fè a dwe pwopoze yon solisyon pou rezoud pwoblèm nan, bay egzanp yon eksperyans oswa yon rechèch ki te fè deja, oubyen pou konpare youn oswa plizyè ide youn ak lòt. 5. Revize kritè evalyasyon yo pou fè sèten pwojè ou a kouvri tout domèn yo. 6. Rasanble materyèl ak founiti ou gen lakay ou avan ou kòmanse achte lòt. 7. Byen planifye orè ou pou w pa gen kontraryete aladènyè minit. 8. Mentni yon rapò oswa yon jounal pou enskri enfòmasyon sou chak etap ou reyalize nan pwojè a. 9. Kou ou fini ak rechèch ou t ap fè a, ou gen dwa kòmanse kreye divès seksyon nan tablo ekspozisyon ou a. 10. Tyeke si pa gen fot òtograf ak fot gramatikal avan ou kòmanse kole divès pati yo sou tablo ekspozisyon ou a. 11. Etale divès pati yo avan ou kòmanse kolaj la pou fè sèten ou gen ase espas sou tablo ekspozisyon an. 12. Fè sèten ou pran tout tan nesesè pou asire w tablo ou a byen prepare ak byen prezante. 13. APLIKE TOUT REGLEMAN AK TOUT PRENSIP YO POU EVITE DISKALIFIKASYON.
Paj - 2
REGLEMAN AK KONDISYON POU FÈ PWOJÈ MATEMATIK AK SYANS YO
1. Pwojè ou a dwe gen yon objektif ak repons pou yon kesyon ou rive jwenn daprè metòd rechèch. PWOJÈ KI TA MANKE NENPÒT PATI NAN LIS ANBA A, P AP KAPAB KALIFYE. Fè sèten tablo ekspozisyon ou a gen tout pati sa yo ladan: a. Objektif Pou ki rezon ou fè pwojè sa a? Ki sa w ap chèche jwenn? b. Ipotèz Ki kesyon ki poze? Ki sa w panse ki repons la? c. Metòd Ki jan ou pral mennen eksperyans envestigasyon an oswa ou pral rezoud pwoblèm nan? Ki etap w ap suiv nan rechèch w ap fè sou sa a? REFÈ RECHÈCH LA TWA FWA OMWEN POU KAB VERIFYE REZILTA OU JWENN YO. d. Lis materyèl yo Ki kalite materyèl w ap bezwen pou fè eksperyans oswa rechèch ou a? e. Obsèvasyon ak done yo Rasanble enfòmasyon ou jwenn yo amezi w ap fè eksperyans la oswa rechèch la. f. Relasyon ak matematik (OBLIGATWA POU PWOJÈ MATEMATIK YO) Esplike ki rapò eksperyans oswa rechèch ou fè a genyen ak matematik. g. Konklizyon Ekri pou fòmile rezilta eksperyans oswa rechèch ou pou w fè referans ak ipotèz ou te tabli a, epi demontre nan ki fason done enfòmasyon ou te rasanble yo konfime oswa rejete ipotèz sa a. 2. Responsab lekòl yo ak distri a gen dwa entèdi ekspozisyon an piblik yon seri pwojè “delika” oswa ki trete yon sijè ki “pa apwopriye pou minè” oswa ki inapwopriye pou nivo matirite yon seri piblik.” 3. Chak pwojè ki fèt dwe jwenn apwobasyon yon komite ekspozisyon pwojè matematik ak syans lekòl la otorize pou kapab patisipe nan ekspozisyon an, swa nan nivo lekòl la oswa nan nivo distri a. 4. Elèv primè ki enskri nan lekòl leta, nan lekòl prive oswa nan yon pwogram kote se paran k ap fè lekòl ak timoun nan, kapab patisipe nan nenpòt pwojè sou nenpòt sijè detèmine elèv yo te etidye ak prepare pandan ane lekòl la. 5. Elèv klas K-3yèm ane yo gen dwa soumèt pwojè endividyèl oswa pwojè angwoup.
Paj - 3
REGLEMAN AK KONDISYON POU FÈ PWOJÈ MATEMATIK AK SYANS YO
6. Elèv klas 4-5yèm ane dwe soumèt SÈLMAN pwojè endividyèl yo fè pou kont yo. 7. Se elèv 4–5yèm ane yo ki dwe travay pou prezante pwòp pwojè yo pou kont yo. Lòt moun 8. tankou pwofesyonèl ak teknisyen nan domèn nan, kit se ta pwofesè oswa paran, dwe sèlman konseye elèv yo. 9. Non elèv la ak/oswa non lekòl la PA GEN DWA PARÈT ekri sou fasad devan tablo pwojè k ap prezante a. Tit pwojè yo dwe ekri nan do pwojè a. 10. Gen dwa gen foto ki sèvi nan tablo ekspozisyon an, eksepte si se foto ki montre figi elèv yo. 11. Dimansyon tablo ekspozisyon pou pwojè yo pa dwe plis pase 36" x 48". 12. Pwojè yo dwe endepandan sou sipò yo (kapab kanpe pou kont yo sou pye yo) ak byen solid nan konstriksyon. Izaj lòt plan oswa espas sou lòt mi pou mete afich, postè, tablo, elatriye pa aseptab, epi yo kab lakoz diskalifikasyon pwojè a. 13. Pa dwe gen lòt atik oksilyè pou ekspoze devan tablo pwojè a. Tout pwojè a fèt pou monte sou tablo kote l ap ekspoze a. Pa dwe gen okenn pyès detache pou ekspoze devan tablo pwojè a. 14. Elèv yo dwe prezante sèlman YON SÈL pwojè pou chak matyè prensipal. 14. Tablo pwojè ki prezante nan yon lòt lang aseptab tou, ak kondisyon tout regleman ak prensip distri yo obsève pou sa.
Paj - 4
REGLEMAN SOU SEKIRITE AK MEZI PREKOSYON POU PWOJÈ MATEMATIK AK SYANS YO
Komite ekspozisyon an ap fè tout efò posib pou konsève tout pwojè yo. PWOJÈ YO PA DWE GEN PÒSYON LADAN YO KI FASIL POU KRAZE OSWA KI FASIL POU DEKOLE. 1. PINGGA METE NAN PWOJÈ YO OKENN BÈT TOU VIVAN, VÈTEBRE TOU SECHE OSWA PATI NAN BÈT SA YO, MENM SI SE ANBRIYON YO YE. Koleksyon ensèk ki seche ak byen kole aseptab. Pwojè ki mande pou sèvi ak bèt yo gen dwa itilize desen, tablo oswa graf pito kòm ilistrasyon. Foto oswa lòt kalite reprezantasyon vizyèl konsènan teknik chirijikal, diseksyon, otopsi ak/oswa lòt teknik laboratwa pou detaye animo vètebre yo nan kondisyon ki pa kondisyon vi nòmal yo pa dwe fè pati tablo ki ap prezante nan ekspozisyon an. Li entèdi pou prezante yon seri pati kò imen an nan tablo ekspozisyon an, eksepte si se: dan, cheve, zong, zo bèt, seksyon istolojik yo ak plakèt nòmal ki prezante tisi likid bèt sa yo kòm sa dwa. MEN YON SERI OBJÈ KI INASEPTAB AK KI PA DWE FÈ PATI EKSPOZISYON AN: • NENPÒT MATERYÈL KI PA APWOPRIYE POU EKSPOZE AN PIBLIK • òganis vivan yo (tankou plant, bèt, mikwòb) • matyè vejetal ki seche • echantiyon taksidèmik oswa pòsyon echantiyon sa yo • tè oswa dechè • pwodui chimik, menm si se te dlo • MANJE OSWA MEDIKAMAN POU MOUN OSWA POU BÈT • objè pwenti (tankou sereng, zegui, pipèt) • pwazon, remèd, dwòg • nèj kabonik oswa lòt kò solid volatil • flanm dife oswa lòt matyè ki flamab anpil • pil elektrik ki gen bòn san kouvri • prim, riban oswa meday ekspozisyon syans lekòl la • lajan • foto ki montre figi elèv yo 5. KÒDONATÈ/TRIS EKSPOZISYON MATEMATIK AK SYANS LA GEN DWA DESIDE DISKALIFYE OSWA ELIMINE NENPÒT PWOJÈ EKSPOZISYON LI JIJE KI DANJERE OSWA KI GEN LADAN YON OBJÈ KÈLKONK KI FÈ PATI LIS PWODUI INAKSEPTAB KI PI WO A KI PA DWE FÈ PATI EKSPOZISYON AN.
2.
3.
4.
Paj - 5
MEN KÈK SIJÈ MATEMATIK KI KAB SÈVI KÒM PWOJÈ EKSPOZISYON
Pwojè pou ekspozisyon matematik yo dwe konsantre sou wòl matematik — enpòtans li genyen nan fason pou fè rechèch, pou konpare enfòmasyon, pou konsidere chwa, pou jwenn solisyon yon pwoblèm. Lè w ap chwazi sijè pou fè yon pwojè matematik, ou dwe mete plis konsiderasyon sou fason yo sèvi ak matematik pou devlope yon pwojè. MEN KÈK IDE pou fè imajinasyon w travay... Senbòl pase ak prezan Kare majik Acha konpare Tab operasyon matematik Kib nimewo (pwobabilite) Pwobabilite ak prediksyon Nonb kare ak nonb triyangilè Tanperati Enpresyon fòm Echèl grafik Matematisyen selèb Chif women Miltiplikasyon peyizan Konbinezon ansanm Konpilasyon don Langaj konpitè Sekans & Analoji matematik Notasyon mizikal & fraksyon Tangram Mache bousye (Stock Market) Fizo orè Rechèch “gran” nonb Nonb katalan Nonb triyangilè Nonb fibonasi Fraksyon nan piblisite Sèvis bankè Pri initè Nonb syantifik Pou mezire planèt yo Pou jwenn sifas yon sèk Ang yon triyang Kare pafè & rasin kare Graf Operasyon kalkilatris Pi piti kantite lajan monnen Lajan atravè lemond Nonb binè Divizibilite Nouvèl meteyo & Almanak Pè òdone nan domèn atistik Dyagram Venn Simetri natirèl Istwa almanak Ilizyon optik Abakis Mòd fonksyònman ba kòd dijital Enfinite Milye ji
Ki sa ki enterese m?
Paj - 6
MEN KÈK SIJÈ SYANS KI KAB SÈVI KÒM PWOJÈ EKSPOZISYON
1. 2. 3. 4. 5. 6. 7. 8. 9. Èske fòm yon kib glas kapab enfliyanse tan li pran pou li fonn? Èske koulè yon sèvyèt an papye gen efè sou rezistans li? Èske mizik kab afekte aktivite pwason? Nan ki fason izaj pèmanant kab afekte reyaksyon cheve w anprezans elektrisite estatik? Èske tan jèminasyon yon grenn ou plante kab chanje parapò ak pwofondè twou li te plante a? Ki kalite twal ki kab fè pi bon izolan? Ki kalite mak pansman ki kole pandan pi lontan? Nan ki fason teksti yon sifas kab afekte mouvman yon vètè? Poukisa tikòp bre an polistirèn yo pi bon: Pou kenbe likid cho tou cho oswa pou kenbe likid glase toujou glase? 10. Ki kalite tikòp jetab ki kab kenbe konsève tanperati yon likid pandan pi lontan? 11. Kòman lè li fè nan jounen kapab afekte kantite pwason yon moun kab kenbe nan lapèch? 12. Nan ki fason faz lalin nan kapab afekte rezilta lapèch? 13. Nan ki fason fòm ke yon ti avyon papye kapab afekte distans li kab vole? 14. Kòman tanperati yon likid ki tonbe kab afekte kapasite absòsyon yon sèvyèt an papye? 15. Kòman distribisyon pwa kapab afekte distans ak vitès yon paten woule? 16. Ki kalite sifas ki pèmèt yon paten a woulèt kouri pi vit (oswa plis)? 17. Kòman tanperati dlo nan yon akwaryòm kapab afekte pozisyon yon pwason ki ladann? 18. Ki reyaksyon pwason genyen si yo chanje kantite limyè ki nan anviwònman yo? 19. Ant yon sachè plastik ak yon sachè papye, ki kalite sachè ki kab kenbe plis pwa? 20. Ant yon baton bizbòl ann aliminyòm ak yon lòt an bwa ki lès ki kab voye yon boul bizbòl pi lwen ak men fòs la? 21. Kòman tanperati yon baton bizbòl ann aliminyòm kab afekte pèfòmans li? 22. Kòman pwa yon baton bizbòl kapab afekte distans frap li? 23. Èske tanperati a kab afekte jèminasyon grenn pwa yo? 24. Kòman tanperati a kapab afekte tan bannann fig pran pou vin mi? 25. Ki kalite likid ki kab fè Alka-seltzer fonn pi vit? 26. Èske limyè enkandesant pi bon pou plant k ap grandi pase limyè fliyoresantt? 27. Èske kantite tan yon penti pran pou seche kapab varye daprè tanperati a? 28. Kòman chanjman nan wotè yon ranp kab afekte distans yon boul k ap woule? 29. Kòman distans wotè chit yon boul kab afekte kantite fwa li kab mate rebondi? 30. Kòman kalite mizik k ap jwe anba nan bakgrawonn nan kapab afekte fason ou fè yon seri travay? 31. Ki kalite oswa mak savon ki fè plis kim? 32. Nan ki sans tanperati inisyal yon kantite dlo kab afekte tan li pran pou l jele? 33. How do the dissolving times of sugar-free and regular sugar mints compare? 34. Èske kola w la ap kenbe pi fre lè li nan mamit oswa lè li nan boutèy? 35. Èske ti gason kouri distans kout pi vit pase tifi?
Paj - 7
KRITÈ K AP SÈVI POU JIJE PWOJÈ YO
Kesyon ki anba chak seksyon kritè pou jije pwojè yo, se machasuiv k ap sèvi pou evalye pòsyon sa a. Gen kèk lòt faktè nan menm domèn nan yo kab konsidere tou.
MATEMATIK OSWA SYANS ENVESTIGASYON - 40 pwen Èske objektif la ak ipotèz la parèt klè sou tablo a? Èske elèv la esplike metòd ki te sèvi pou devlope ak jwenn solisyon an? Èske metòd ki te sèvi pou kolekte done enfòmayson oswa analiz la eskplike? Èske done enfòmasyon yo kowobore konklizyon an? Èske gen tout pati sa yo nan pwojè a? Objektif, ipotèz, metòd, lis materyo, obsèvasyon/done, rapò ak matematik (pou pwojè matematik yo sèlman) ak konklizyon ABILTE KREYATIF - 20 pwen Èske se elèv la ki te konsevwa ak konstwi ekipman an oswa se achte li te achte li? Èske gen orijinalite nan tablo a oswa èske se yon bagay moun abitye konn wè deja? Èske pwojè a baze toupiti oswa anpil sou rechèch lòt moun fè deja? Èske gen orijinalite nan prezantasyon done yo? Nan ki pwen pwojè a kreyatif? PWOFONDÈ - 15 pwen Èske eksperyans la oswa rechèch la te fèt omwen 3 fwa? Èske tablo a demontre fizikman operasyon oswa rezilta pwojè a? Èske elèv la te konsidere enfliyans lòt faktè ekstèn jwe sou rezilta pwojè li a? Èske lis materyo yo te espesifye kantite egzat ki te sèvi yo? Si nesesè, kijan nou kab di echantiyon an konplè? TEKNIK - 15 pwen Èske teknik lan koresponn avèk laj elèv la oswa ak nivo klas la? Èske tablo a atreyan nan aparans li konparativman ak lòt tablo pwojè yo? Èske pwojè a kapte atansyon moun? KLÈTE/PWÒPTE - 10 pwen Èske enfòmasyon ki ekri yo prezante klè, epi èske done enfòmasyon yo fasil pou konprann? Èske tablo pwojè a byen òganize? Èske enfòmasyon yo lizib epi èske gen lojik nan aranjman yo? Èske òtograf mo yo ak règ gramatikal yo kòrèk?
Paj - 8
MODÈL PREZANTASYON TABLO YON PWOJÈ MATEMATIK OBJEKTIF
Esplike an de ou twa fraz pou ki sa ou fè rechèch la. Egzanp "Objektif pwojè sa a,se ..."
TIT PWOJÈ A
Sijesyon: Chwazi yon tit ki orijinal ak enteresan.
IPOTÈZ
Eksprime alavans sa w panse ki pral rive nan rechèch ou fè a. Egzanp “Mwen panse …”
RAPÒ KI EGZISTE AK MATEMATIK GRAF
Graf yo se reprezantasyon vizyèl done enfòmasyon ou te konpile yo. Esplike ki rapò ki egziste ant rechèch ou fè a ak matematik.
Paj - 9
MATERYO
Bay lis tout materyo ou te itilize pou fè eksperyans ou a.
KONKLIZYON
Revize ak detaye rapidman rezilta rechèch la.
MODÈL
Ou gen dwa tache yon modèl oswa kèk foto nan eksperyans ou sou tablo pwojè ou a. REMAK: gade nan paj 12 manyèl la pou wè lis objè ki entèdi yo.
METÒD
Esplike etap pa etap “fòmil” ou te itilize pou fè eksperyans ou a. Sijesyon: Refè menm eksperyans la omwen twa fwa.
Reponn kesyon sa a: Èske rezilta ou jwenn yo koresponn ak ipotèz ou te tabli avan an?
MODÈL YON PWOJÈ MATEMATIK OBJEKTIF
Objektif pwojè sa ase pou idantifye fòm ki pi kouran pami pano siyalizasyon ki nan lari yo.
Pano siyalizasyon nan lari yo
Ki fòm pano ki pi kouran ou jwenn nan lari yo? RAPÒ KI EGZISTE AK MATEMATIK
Mwen dekouvri ki jan pou mwen fè yon piktograf ak rive aprann enpòtans pou kòmanse chak kolòn yo sou menm liy debaz la. Moun k ap obsève yo ap kab wè fòm ki pi kouran an nan kolòn ki pi wo a, ak fòm ki pi ra nan kolòn ki pi kout la.
IPOTÈZ
Mwen panse se kare ki fòm ki pi popilè ki sèvi pou pano siyalizasyon nan lari yo.
MATERYO
Papye, kreyon, makè, règ, fim, kamera, lakòl
Paj - 10
METÒD
Aprè mwen fin idantifye ki kalite fòm ki sèvi pou fè pano yo, mwen te pran foto fòm sa yo kote mwen te mande manman mwen pou te fè twa wout diferan ak mwen lè l ap kondui mennen mwen al lekòl. Apre sa, m ap kontwole tout kantite fòm mwen kwaze sou wout la.
7 6 5 4 3 2 1
KONKLIZYON
Apati tablo grafik la, nou remake se pano anfòm egzagòn nan ki pi popilè nan lari a, alòske se pano anfòm sèk la ki pi ra pami pano siyalizasyon yo. Ipotèz mwen te fè sou fòm kare a kòm fòm ki pi popilè a pa te vre.
kare
oval
oktogòn
triyang
MODÈL PREZANTASYON TABLO YON PWOJÈ SYANS OBJEKTIF
Esplike an de ou twa fraz pou ki sa ou fè rechèch la. Egzanp "Objektif pwojè sa a,se ..."
TIT PWOJÈ A
METÒD
Sijesyon: Chwazi yon tit ki orijinal ak Esplike etap pa etap “fòmil” ou te itilize pou fè eksperyans ou a. enteresan. Sijesyon: Refè menm eksperyans la omwen twa fwa.
IPOTÈZ
Eksprime alavans sa w panse ki pral rive nan rechèch ou fè a. Egzanp “Mwen panse …”
Paj - 11
GRAF
Graf yo se reprezantasyon vizyèl done enfòmasyon ou te konpile yo.
MATERYO
Bay lis tout materyo ou te itilize pou fè eksperyans ou a.
MODÈL
Ou gen dwa tache yon modèl oswa kèk foto nan eksperyans ou sou tablo pwojè ou a. REMAK: gade nan paj 12 manyèl la pou wè lis objè ki entèdi yo.
KONKLIZYON
Revize ak detaye rapidman rezilta rechèch la. Reponn kesyon sa a: Èske rezilta ou jwenn yo koresponn ak ipotèz ou te tabli avan an?
MODÈL YON PWOJÈ MATEMATIK OBJEKTIF
Objektif pwojè sa a se pou idantifye ki kalite mak sèvyèt papye ki kab kenbe plis pwa.
SÈVYÈT KI PI FÒ
Ki kalite mak sèvyèt papye ki kab kenbe plis pwa?
METÒD
Chwazi twa kalite sèvyèt papye diferan. Separe yo an fèy yon sèl kouch. Mare fèy papye yo sou bouch chak tikòp yo ak elastik yo. Kòmanse mete penich sou chak fèy yo jiskaske yo kòmanse tonbe sou papye yo. Fè menm bagay la pou lòt kalite papye yo. Kontwole kantite penich ou lage pou chak fwa ou eseye yo.
IPOTÈZ
Mwen panse sèvyèt papye mak Mounty a kab kenbe plis pwa.
Paj - 12
MATERYO
Sèvyèt papye (3 kalite diferan), plizyè woulo senk kòb penich (2-3), elastik (3), tikòp an bre polistirèn/plastik (3)
# kan tite P E N I C H
8 7 6 5 4 3 2 1
MAK sèvyèt an papye yo
x x x x x x x x x x x x x x x x x x KONKLIZYON
Apati tablo grafik la, nou remake se Sharmin ki mak sèvyèt papye kite kab kenbe pwa plis senk kòb penich. Sa vle di se li ki kab kenbe plis pwa. Ipotèz mwen te fè sou Mounty kòm mak sèvyèt papye ki kab kenbe plis pwa a pa te vre an konparezon ak lòt mak yo.
Lefty
Sharmin
Mounty